Dèye epidemi kolera
Kolera ap touye pou pi piti yon (1) moun chak 30 minit an Ayiti.
Plis pase 2,000 moun mouri nan maladi kolera sa a pandan premye sis semèn epidemi a. Pwobableman plis pase sa, dapre plizyè moun. Dapre enfòmasyon ofisyèl yo 100,000 moun konsa rive resevwa swen lopital, san konte divès lòt ki pa menm rive akòz wout ki pa bon epi pa gen sant sante pou tout moun. Jou ki te 17 desanm, yo anons gen 2,535 ki mouri, avèk 2% "tò motalite," ki vle, 2 nan chak moun ki tonbe malad ak kolera te mouri.
Se kolera ki touye l? Oswa eske se lefèt majorite Ayisyen pa ka jwenn dlo
pwòp ak yon sistèm sanitè korèk? Foto sa a sòti nan yon "blog" sou ki jan otorite
yo ak ranmase kadav yo epi jete yo nan fòs komin.
Sepandan, "tò motalite a," sa vle di, kantite moun ki mouri, pa menm tout kote.
Nan depatman Nip, pa egzan,p, se 12% epi nan Grandans, se plis pas 8%. Nan depatman sa a, divès enfòmasyon fè kwè lè yon moun malad, lòt moun lakay li konn pote l sou yon planch bwa. Anpil fwa yo blije mache kat (4) èdtan anvan yo rive nan yon sant sante. Nan anpil ka, vomisman ak dyare malad la tonbe sou moun k ap pote yo, epi simaye sou tout wout la, sa ki fasilite maladi a layite kò l plis.
Touprè kapital la, nan zòn Divivyè, gen yon gwo "pisin poupou" [gade premye paj dosye sa a] ki pa gen kouvèti. Li gen plizyè milye galon poupou ak lòt materyèl ki sòti latrinn kan yo ak fòs septik kay moun. Si kolera nan pisin sa a... eske li ka rive nan lanmè?
Estimasyon OMS fè konnen maladi sa ka frape soti 200,000 rive yon milyon moun konsa. Kidonk plizyè milye moun pral mouri anvan yo mete bout nan maladi sa a fò n presize: si yo rive met yon bout ladan l.
Men, plizyè moun ekri sou sa deji...
Se vre, gen anpil rapò nan medya sou epidemi a deja.
Depi epidemi kolera antre nan peyi a, divès atik soti nan laprè kote yo gen tan chèche konnen kiyès ki mennen kolera an Ayiti. Yo diskite ki jan kolera ap “ravaje” peyi a. Yo ekri plizyè atik tou sou eleksyon, manifestasyon ak lòt evenman “nan tan kolera a.”
Tout atik sa yo ta ka fè youn moun panse, ravaj sa yo, atak sa yo, yo sòti nan lasyèl. Se zak Bondye oswa Lanati.
Men verite a pa konsa. Gen yon rezon nou ravaje, nou atake.
Menas kolera pa menm jan pou tout ayisyen. Kolera se yon maladi moun pòv, moun ki pa gen pouvwa. Moun pòv nan peyi pòv. Kolera gaye kote pa gen dlo pwòp, kote pa gen sistèm sanitè, kote pa gen sistèm sante.
Epidemi kolera depi 2000. The Lancet, vol. 376, 11-12-2010.
Si kounye li klè se ta solda Nasyonzini ki vini avèk Vibriyo kolera an Ayiti, epi si li klè tou nou ka konbat li ak bon swen sante, bon jan aksè dlo ak sistèm sanitè, bon pratik sanitè lakay nou epi yon vaksin, li poko klè ki jan nou ka fè tout sa anvan plizyè milye moun kontinye mouri.
Menm si n rive konbat kolera, gen plizyè lòt maladi ki renmen dlo sal k ap menase peyi a. Dapre Oganizasyon Mondyal Sante, chak lane gen 1,400,000 moun k ap mouri nan maladi ou jwenn nan dlo ki pa pwòp. Se kat moun k ap mouri chak minit. Preske tout lanmò sa yo se akòz sistèm dlo ak sanitasyon ki pa bon.
Ayiti Kale Je te deside fouye “poukisa” ak “kijan” sitiyasyon sa a rive, epi li mande:
• Poukisa kolera jwenn yon teren ki bon pou li?
• Poukisa ayisyen pa gen dlo pwòp ak yon sistèm sanitè ki bon?
• Menmsi Nasyon Zini jwenn $164 milyon dola ameriken li di li bezwen pou konbat kolera, sa k pral
anpeche yon lòt maladi ki renmen dlo sal vin atake peyi a?
Li:
Soti nan ijans, rive nan otonomi?
Gade:
Tande: