Dèye epidemi kolera - Poupou
Aksan tout otorite ap mete sou kesyon dlo pwòp pou moun bwe se yon pati enpotan nan goumen kont kolera ak tout lòt maladi ki renmen dlo sal, men gen yon lòt aspè yo pa diskite ase. Lòt aspè sa a sòti nan lòt bò sistèm dijesyon moun yo, epi li gen anpil enpotans tou.
Preskè tout resous dlo an Ayiti gen tan pa pwòp. Sous, fowaj, rivye, epi menm akwafè, ki se tankou gwo lak ki anba latè, gen tan kontamine avèk fatra, dechè/fatra ki sòti nan bitasyon ak poupou.
Premye ayisyen ki mouri nan epidemi kolera te rete oswa t ap travay tou pre larivyè Latibonit ki pwobableman te gen tan sal avèk poupou yon solda Nasyonzini ki malad ak kolera. Se dlo sa a moun zòn nan te konn itilize pou bwe, fè manje ak lave.
“Nan aktivite kounye a, gen plis fokis ki bay sou dlo a, paske aktivite dlo a ka fèt pi rapid. Men nan kad 2zyèm faz, 3zyèm faz Estrateji Nasyonal la, gwo fokis nou pral mete se sou jesyon poupou ak konstriksyon latrin yo.” Se sa Pierre-Yves Rochat, reskonsab tout pwogram riral pou DINEPA, ki se nouvo ajans dlo ak sistèm sanitè peyi a. DINEPA vle di “Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman.”
DINEPA se premye ajans nasyonal ki pral reskonsab sistèm sanitè. Anvan akouchman DINEPA nan lane 2009, se te vil yo ki te gen pou yo reskonsab sa a. Men, lè n gade estatistik yo, epi jan Ayiti pa gen okenn sistèm “egou,” ki se yon sistèm gwo tou yo fè anba latè ki retire tout poupou ki soti nan twalet lakay tout moun, nou wè, majorite administrasyon yo pa t pran reskonsabilite sa a oseryè.
Done yo bay prèv.
Yon paj nanm yon rapò DINEPA reyalize ak konkou Kwa Wouj
Entènasyonal nan mwa jiyè, 2010.
Dapre Komite Entènasyonal Kwa Wouj, nan lane 2006, sèlman 19 sou chak 100 moun te gen yon twalet oswa yon latrin ki sanitè. Se rezon sa a ki fè peyi Dayiti pami youn nan peyi pi malpwòp sou latè. Gen sèlman 10 peyi ki pi sal. Ayiti nan nivo peyi an Afrik ki pòv anpil, tankou Somali. Epi, nan peyi malpwòp yo, se sèlman Ayiti kote kondisyon yo vin pi mal chak lane, olye yo amelyore.
Nan lòt peyi, lè vil yo t ap grandi, Leta te konstwi sistèm sanitè. Men an Ayiti, vil tankou Pòtoprens pa t fè sa. Yo annikman fouye plis kanal, epi fè kanal yo rive pi wo. Jodia, se yon ti ponyen moun sèlman ki gen sistèm sanitè (sa yo rele “sistèm septik”) lakay yo.Tout lòt moun nan kapital la gen latrin oswa yo poupou nan sache plastik epi apre, yo voye l nan pil fatra oswa nan ravin ak kanal sa yo.
Poupou ak sache plastik atè touprè yon kan pou moun deplase yo
nan Pòtoprens. Imaj sa a soti nan yon videyo MIUSTAH.
Poupou sa a konn chita la pandan plizyè jou oswa menm plizyè semen, jouk yon gwo lapli voye l desann, ansanm avèk tout lòt fatra, jouk li rive nan bidonvil tankou Site de Dye oswa Site Soley, epi apre, pou l rive nan lanmè karayib la.
Se vre, gen gwo kamyon ki te konn netwaye sistèm sanitè ak latrin ki pi modenn yo, epi bayakou konn netwaye latrin tou. Men yo te gen dwa voye poupou sa a jete nenpòt kote yo vle, pase pa t gen okenn sit espesyal pou sa, epi pa t gen okenn reglemantasyon.
Poupou kolera nan Site Soley?
Apre 12 janvye, epi apre akouchman preske mil (1,000) kan pou moun deplase yo nan zòn kapital la, ansanm avèk preske 15,000 latrin pou moun nan kan yo, DINEPA ak patnè li yo te oblije fè fas ak tout poupou sa yo.
Transpò poupou te tounen yon gwo biznis.
DINEPA ak ajans imanitè yo deside fè sa yo konn rele yon “pisinn poupou” nan Trutier, kote SMCRS mete fatra zòn metwopoliten.
"Pisinn poupou." Koutwazi Gwoupman Dlo ak Asenisman (WASH Cluster.)
Travayè san pwotèksyon ap voye poupou nan pisinn nan. Koutwazi
Gwoupman Dlo ak Asenisman (WASH Cluster.)
“Jesyon poupou, jesyon bagay ki soti nan latrin yo, se yon bagay ki kòmanse vreman apre 12 janvye,” dapre Rochat. “Jesyon poupou a Trityè dwe sispann, nou konsyan de sa. Sitiyasyon jodia se yon sitiyasyon pwovizwa.”
Pwovizwa paske DINEPA ap prepare yon nouvo sit kote pral gen yon tretman sanitè poupou ak lòt deche moun nan zòn Titanyen. Yo di li pral louvri nan mwa janvye. [Gade Soti nan Ijans, Rive nan Otonomi?] Men, sa fè plizyè mwa li “temporè.”
Pandan plizyè mwa, konpayi yo ap vide poupou sa a nan gwo pisinn sa a ki chita touprè Divivyè, epi touprè kote kamyon fatra jete tout fatra yo. Ki vle di, toupè yon kominote 250 fanmi ki viv sou biznis triye fatra.
Moun ki rete sou sit Trutrier ap triye fatra. Foto - MSB.
Nan yon rankont 1 desanm “Gwoupman Dlo ak Asenisman (WASH) – ki se yon gwoupman DINEPA ak UNICEF ap jere epi kote tout ajans gouvènmantal ak etranje chita ansanm pou eseye kwòdone travay yo – youn nan moun Nasyonzini avèti tout lòt moun.
“Pisin poupou a preske plen,” dapre Asia Ghemri, ki travay pou UNOPS, ki se Biwo Nasyonzini pou Sèvis pou Pwojè yo. Ghemri travay avèk DINEPA sou yon plan pou jere tout poupou ki sot nan kan ak nan Sant Trètman Kolera nan kapital la.
“Nou gen kèk semèn ki rete sèlman,” dapre Ghemri .
Moun ki rete Divivye, ki tou pre pisin sa a, di yo pa gen pasyans ankò.
“N ap mobilize . Nou pa ka jere odè a epi avèk kolera, nou pe pou l pa rive nan dlo anba tè a, nan akwafè,” dapre Salvatory St. Victor, manm Komite Relevman Divivye (KRD).
(De jou apre entèvyou sa a, St. Victor ak plizyè santèn lòt moun te manifeste devan Trutier. Omwens youn moun mouri nan manifestasyon. Dapre AlterPresse ak Haiti Libre, lapolis tire nan foul la. Dapre KRD, twa moun mouri pandan epi jouk apre manifestasyon sa a.)
Gwo pisinn sa a – ki gen lajè apèpre 4 terèn foutbal – chita sou akwafè plèn Kildesak, ki se yon gwo lak ki anba latè nan zòn Kildisak ak Pòtoprens. Se yonn nan kote kamyon dlo jwenn dlo pou pèp Pòtoprens bwe. Anpil moun pe paske poupou ki gen mikwob kolera kapab rive nan akwafè sa a (nan dlo ki anba tè a.)
Yon kat ki montre plizomwens ki kote "pisinn poupou" ye, parapòt a lanmè, Pòtoprens, divès rivye, epi akwafè Plen Kildisak la (ki make avèk koule ble).
Kat sa a soti nan yon rapò lanmè ameriken te fè sou kesyon dlo an Ayiti.
Deja, nan lane 2002, yon etid te montre gen poupou nan dlo sa a.
“Gen yon danje mikwob la ka rive nan akwafè oswa rive nan lanmè,” dapre Doktè Homero Silva ki travay nan Oganizasyon Panameriken Sante (OPS). Silva te bay pinga sa a pou kolèg nan rankont Gwoupman WASH jou ki te 15 desanm. “mikwob kolera ka rete vivan pandan plizye lane.”
Silva te konn travay nan peyi Pewou kote yon epidemi kolera te parèt nan lane 1990 yo. Anvan l fini li rive nan plizyè peyi zòn nan epi plis pase 150,000 moun te tonbe malad. Silva ak lòt doktè ak espesyalis kwe mikwob sa a te rive nan plizyè vil bò lanmè nan menm moman, atravè dlo lanmè.
Jounal peyi Pewou ki pale sou ki jan kolera a pa t nan pwason yo, li te nan dlo a. Imaj la soti nan "powèpwent" sa a. Ou ka gade atik medikal sou kesyon kolera nan lanmè isit (an angle).
Nan menm rankont 15 desanm nan, Kelly Naylor, ki travay pou UNICEF epi k ap travay nan ekip DINEPA/UNICEF k ap devlope regleman tout biznis ak òganizasyon ki travay nan domèn jesyon poupou pral oblije swiv, te di li gen gwo tèt chaje. Li montre foto epi li te di tout moun nan rankont sa a, li ta enpotan pou yo fè tès sou pisin nan, ak sou diferan kanal ki nan zòn pisin nan, pou wè si mikwob kolera a prezan.
“Nou enkyete pou sa k ap fèt la,” se sa li te di kolèg li yo nan rankont la.
Rochat, ki travay pou DINEPA, dakò. Li te di Ayiti Kale Je gen yon ekip k ap fè analiz aktyelman, men li poko jwenn rezilta.
“Lè kamyon poupou yo sispann lage matyè yo onivo Tritye, epi ale nan sit Titanyen, nou pral defini yon plan pou wè ki jan nou pral dekontamine zòn nan, si l bezwen dekontamine,” dapre li.
Kan yo - Yon defi espesyal
Kan pou moun deplase yo ofri yon defi espesyal.
Aktyèlman gen apèpre yon milyon moun ki rete nan kan nan kapital yo ak nan twa lòt vil ki te frape nan trableman tè 12 janvye a. Genyen nan kan yo ki gen latrin twou. Anpil nan yo deja bouche. Gen lòt ki gen latrin yo oblije ponpe chak jou.
Dapre yon òganizasyon yo rele “Sphere” ki bay rekomandasyon pou ki jan pou okipe moun pandan yon kriz imanitè, ta sipoze gen you latrin pou chak 20 refije. Sepandan, yon rapò OCHA, ki se Biwo Nasyonzini pou Zafè Imanitè, montre gen youn pou chak 50 oswa 100 moun.
Nan kan Bon Bèjè, ki nan Maryani, pa gen okenn latrin ki fonksyone. Gen apèpre 250 oswa 300 fanmi ki rete nan tant ak ti kay sou yon moso tè ki pa tèlman pi gwo pase yon terèn foutbal. Toutswit apre tranbleman tè 12 janvye a, CARE te konstwi kèk latrin. Yo te di latrin sa yo te pou “ijans” la, dapre Renol Jean Jeudi, ki jere kan an. Men, apre sis mwa, latrin sa yo bouche, epi yo pa janm konstwi lòt.
“Depi lè sa a, moun yo, se nan perimèt sit la, yo ale, yo fè bezwen yo,” dapre sa Jean di.
Pou konfime sa Jean te di, Ayiti Kale Je te al pale avèk yon seri fanmi refije nan kan sa a. Tout te di yo te itilize sache plastik oswa yo fè l atè nan raje, toupre yon rivye.
Se pa tout kan ki pa gen latrin. Men, anpil nan kan yo pa gen ase latrin, epi yo pa vide yo ase. Konsa, yo vin “plen” fasilman, epi yo ka koule, epi – jan n te wè pandan manifestasyon 7 ak 8 desanm yo – manifestan yo ka fè yo koule.
Li:
Soti nan ijans, rive nan otonomi?
Retounen nan paj entwodiksyon an, pou gade videyo ak koute pwogram odyo