Konèksyon•Connection

INDEX

Plan DINEPA: Soti nan ijans, rive nan otonomi?

Atravè peyi a, gen ekip gouvèman ak ekip ajans imanitè k ap fè gwo kanpay edikasyon sou sante, k ap fè distribisyon Akwatab, k ap bay Klowòs, HDH, epi k ap mete sou plas sant sante pou trètman kolera.

Sekretè Jeneral Nasyon Zini Ban Ki-moon mande diferan gouvènman bay $164 milyon dola pou ede nan lit kont epidemi a.

Ajans imanitè ap eseye asire livrezon dlo pwòp pou tout 1,300 kan pou moun deplase yo, epi pou zòn peyi a kote moun yo konn bwe dlo rivyè yo.

Nan kapital la, DINEPA epi patnè li – ajans lòt gouvènman yo, Nasyonzini ak “òganizasyon non-gouvènmantal” (ONG) [1] yo – mobilize yon ekip 32 kamyon ki ap mache retire tout poupou ki nan latrin nan kan yo ak sant trètman kolera yo.

Men, menm si yo fini avèk kolera, oswa omwens kontwole l, ka toujou gen yon lòt maladi ki renmen dlo sal ki ta ka atake Ayiti si pa gen travay ki pi long-tèm ki fèt.

Refòm anvan 12 janvye

Pandan plis pase 10 lane, gen plizyè aktè leta ak lòt aktè ki te travay sou divès plan ki t ap refome sistèm dlo ak sistèm sanitè. Nan lane 2009 finalman, palman an vote yon lwa ki etabli yon nouvo ajans: DINEPA (la Direction Nationale de l’Eau Potable et de l’Assainissement).

Ajans sa a, ki chita anba titèl MTPTC, gen kòm reskonsabilite asire dlo potab ak sistèm sanitè pou tout Ayisyen, nan vil ak andeyò, nan devlope sèvis, etabli regleman, epi apre sa, asire tout aktè yo – prive, piblik, rejyonal ak ti komite dlo yo – respekte regleman sa yo.

“Estrikti a se chenn sa a n ap mete an plas pou sèvis ka bay onivo popilasyon an, nan tout zòn yo,” dapre Pierre-Yves Rochat, ki reskonsab tout pwogram riral pou DINEPA.

Anvan tranbleman tè a, DINEPA t ap mete estrikti rejyonal yo sou plas, li t ap chèche don ak prè nan men BID epi nan men lòt bayè yo epi li t ap planifye ki jan li pral amonize tout travay ki fèt nan sektè dlo ak sistèm sanite.

Rekonstriksyon an, Kolera ak Nouvo Estrateji Nasyonal

Tranbleman tè 12 janvye te chanje tout mizanplas sa, evidaman.

Yo mete dlo ak kesyon asenisman nan Plan Daksyon an… li te di yo pral asire 60% nan moun ki nan Pòtoprens ak 73% moun nan rès peyi a jwenn dlo potab, epi 58% moun  nan kapital, epi 50% nan moun nan tout rès peyi a jwenn sistèm sanitè. Yo mande $160 milyon dola pou sa.

Men epidemi kolera a chanje tout sa.

Nouvo Estrateji Nasyonal pou Lite Kont Kolera
ofri yon plan pou 14 mwa ki anvizaje retire Ayiti nan ijans epi mete l sou wout pou bay Ayiti yon sektè dlo ak sistèm sanitè ki pi byen kwòdone, ki pi efikas epi k ap asire tout moun jwenn sèvis yo.

Dapre Biwo Anvwaye Espesyal Nasyonzini pou Ayiti, bayè etranjè yo – epi nou remake, tout se don, se pa prè yo ye – deja pwomèt $273,899,618. Gen anpil yo bay deja.  (Chif sa a gen tout pwojè dlo ak sistèm sanitè ki te deja ap fèt anvan 12 janvye.)

Estrateji DINEPA a gen 3 vole: ijans, apre ijans ak devlòpman. Men sa DINEPA di yo vle fè.

  • Asire 6.5 milyon moun jwenn aksè avèk yon rezon ki pral asire yo jwenn pwodwi pou trete dlo nan yon pri yo ka peye
  • Asire tout 600-700 sistèm dlo nan peyi a jwenn klò tout tan, nan yon nivo k ap korèk
  • Konstwi 150 foraj epi repare yon lòt 500
  • Teste dlo nan tout foraj yo epi òganize yon sistèm klò si se nesesè
  • Etabli yon seri regleman pou tout konpayi ki vann dlo “osmoz revès” epi etabli yon sistèm pou trete dlo sa a.
  • Òganize yon kanpay ki pral oblije 500,000 fanmi nan zòn kolera a konstwi latrin, avèk asistans gouvènman an
  • Etabli omwens 4 “sant jesyon poupou” – nan zòn kapital la ak twa lòt gwo vil – avèk objektif pou konstwi youn pou chak depatman

“Estrateji pou jodia se estrateji pou demen,” dapre Rochat. “Fò n travay di epi fò n kowke djakout nou a wò anpil, paske kolera k ap atake peyi a montre nou, bagay yo pa ka rete jan yo ye.”

Paj nan sit DINEPA ki montre youn nan afich kanpay sante piblik.

DINEPA ap travay pou fè tout aktè nan sektè dlo ak sanitasyon yo travay anba menm reg jwèt yo, ki vle di, sektè prive ak ONG, tou.

Denyeman DINEPA prepare yon pwotokòl dako tout ONG pral oblije siyen kote yo di yo dakò pou travay anba direksyon DINEPA epi anba estrateji nasyonal.

“Nou gen yon pakèt òganizasyon ki travay nan sektè a. Te gen anpil anvan 12 janvye, gen yon pakèt lòt ki rive… Pou devlopman sektè a ka pi efikas, fòk tout moun sa yo travay ansanm, ka travay nan kad yon menm estrateji, yon menm apwoch,” dapre Rochat.” Donk, objèktif pwotokòl la se pou nou fè tout moun chita ansanm, fè tout moun dakò… ak reg jwèt la.”

DINEPA jwe yon wòl enpòtan nan jere ak kwòdone Gwoupman Dlo ak Sanitasyon (WASH Cluster), ki te yon mekanis ki reyini tout ajans leta, ajans miltilateral ak ONG. [Gade lòt atik Ayiti Kale Je sou “Cluster” yo.]

Pandan lòt “Cluster” yo pa gen anpil prezans leta, epi pandan lòt konn fè rankont ak ekri dokiman an angle plis pase franse, nan ka “WASH Cluster,” DINEPA chita avèk ajans entènasyonal la – nan ka Cluster sa a, se UNICEF – epi li jere tout aktivite l.

Anplis defini “reg jwèt la” pou ONG yo, DINEPA pral sipevize ak fè regleman pou sektè prive, tou. Malgre Konstitisyon an (Atik 36.5) di sous ak rivye “fè pati patrimwàn Leta,” Rochat esplike DINEPA pa ka asire tout moun jwenn dlo ak sanitasyon pou kont li.

Men lè ou kite sektè prive oswa semi-prive (ONG) biznis jere sèvis ki lye ak lavi moun, gen yon risk.

“Dlo se yon sèvis piblik. Lè ou kòmanse mare sektè prive ak sektè piblik, ou antre nan yon teritwa danjerè,” dapre Maxi Remonvil, medsen ki travay Sant Tretman Kolera (CTC) Mibalè. “Sa n bezwen se yon leta fò epi menm yon kòd etik pou oryante yo, pou kwòdone travay yo.”

Rochat panse DINEPA ka jere sitiyasyon sa a.

“DINEPA pral devlope kad ak nòm yo epi tout aktè yo pral oblije swiv yo. Si yon moun pa vle swiv yo, fòk yo jwenn yon lòt biznis.”

Jou ki t ap 7 desanm, DINEPA kòmanse politik la lè l te soti yon “direktif teknik” ki di fòk tout kamyon dlo mete klò nan dlo yo. Se DINEPA ak patnè li yo ki pral asire sa fèt. (Yon fwa sistèm sa a an plas nan kapital la, DINEPA pral kòmanse anonse menm direktif nan vil pwovens yo, tou.)

Yon lòt direktif ki pral soti konsènen poupou – ki kote pou jete l, ki jan pou pwoteje anplwaye yo, ki jan pou netwaye kamyon yo, elatriye.

Pou kounye a, tout dokiman sa yo se direktif yo ye, se pa lwa oswa regleman ki gen yon amand

“Nou poko genyen yon kad pou fòse moun yo. Se yon bagay pou nou mete anplas men fòk nou gen moun k ap swiv… si nou pral bay moun kontrent, fòk nou kapab swiv,” dapre sa Rochat te di.

Youn nan objektif tout refòm sa yo se pou yo fè tout estrikti dlo ak sistèm sanitè nan tout peyi a otonòm, “menm nan nivo finansyè,” dapre Rochat.

“Fòk moun yo peye sèvis yo, pou dlo ak sanitasyon, y ap peye yon pri yo ka peye. Nou pral gen prensip ekite. Fòk pri a jis,”.

Direksyon ak direktif DINEPA yo ofri yon seri siy pozitif. Sepandan…

  • Eske nouvo ajans sa a gen kapasite ak pouvwa kwòdone prive, piblik, lokal, nasyonal, entènasyonal ak bayè yo avèk bezwen moun ki itilize sèvis yo, ki vle di, pèp la?
  • Eske li ka asire yo dlo ak sistèm sanite ki pwoteje lavi yo, epi nan yon pri tout moun ka peye?
  • Eske yon administrasyon piblik ki fèb, ki pa efikas, epi ki gen koripsyon ladan l, tou, vreman jere epi fè regilasyon pou sektè prive a ?
  • Eske DINEPA ka fè ONG yo swiv yon strateji nasyonal ?

Se tan, ak kantite lanmò nan epidemi kolera a, ki pral jije sa.

Nòt:

1. Fraz “òganizasyon non-gouvènmantal” pa telman valab paske anpil nan gwo ONG yo jwenn anpil lajan nan men gouvènman ameriken, franse, kanadyen ak lòt gouvènman pou fè travay yo.

Li:

Pwoblèm poupou

Pwoblèm dlo

Retounen nan paj entwodiksyon an, pou gade videyo ak koute pwogram odyo