Dèye epidemi kolera - Dlo
Ayiti se yon peyi “rich” nan sa ki konsene dlo, dapre yon etid Lame Ameriken te fè nan lane 1999.
Yon kat ki montre dlo ki anba latè. Koule ble egal anpil dlo.
Dapre ameriken yo etid sou dlo an Ayiti sa te reyalize “pou bay Ayiti ak militè ameriken enfòmasyon yo ta bezwem pou planifye diferan egzesis militè ak imanitè an Ayiti.”
Li ta ka sa vre, men petèt tou, vwazen Ayiti a (etazini) te vle konnen ki kantite dlo Ayiti genyen, epi ki kote? Paske, dapre plizyè rapò, tankou repotaj pwogram nouvèl CBS la te fè nan lane 2010.
Talè Etazini pral anfas yon gwo kriz dlo. Pami tout sitwayen sou latè, Amerikan itilize plis dlo. Chak moun konn itilize apeprè 150 galon chak jou, ki vle di, 567 lit dlo. Nan peyi angletè, chak moun itilize apeprè 40 galon. Nan peyi pòv tankou Kenya oswa Ayiti, chak moun konn itilize pou piplis 13 galon ki se minimòm ki nesesè pou antretyen sante. Ozetazini, gen 36 nan 50 eta yo ki pral gen gwo kriz dlo pandan twa lane k ap vini yo, ki vle di 2010-2013.
Kriz dlo an Ayiti a pa yon kriz kantite, se yon kriz kalite. Dlo ann Ayiti an danje akòz degradasyon anviwonman, mank kontwòl sou zòn sous yo, epi poupou zanimo ak moun. Sitou paske peyi a pa fè bon jesyon ak distribisyon dlo ki disponib yo. Anplis, se pa tout moun ki gen menm posiblite pou jwenn dlo.
Chif nasyonal di, soti nan 40 pousan (40%) rive nan 49 pousan (49%) moun jwenn dlo "amelyorè," men dapre yon etid FOKAL fè nan lane 2005, se 65 pousan (65%) moun ki itilize dlo rivye yo.
FOKAL, Étude sur l’approvisionnement en eau potable en Haïti : Etat des lieux,
propension à payer, mode de gestion et possibilités d’appropriation des systèmes
d’adduction d’eau potable par les usagers, 2005
Jodia, dapre DINEPA (Direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman) ki se nouvo ajans leta ki gen reskonsabilite dlo ak sistèm sanitè pou peyi a, 70 pousan (70%) zòn nan kapital la jwenn dlo nan fontèn piblik oswa prive.
Pòtoprens te kòmanse bay sitwayen li yo dlo depi preske 200 lane. Nan lane 1841, nan yon seri tiyo piblik yo rele “standpipe” an angle. Rive nan lane 1878, kay moun ki te pi privilije yo te gen wobinè ak lavabo. Rès popilasyon an te jwenn dlo yo nan tiyo piblik oswa yo te peye moun pote dlo nan boukit. Nan lane 1916, epòk okipasyon ameriken, sistèm dlo nan kapital la te nan menm nivo ak plizyè lòt peyi sou latè, dapre ekriven Simon Fass.
Nan liv “The Political Economy of Haiti,” ki vle di, “Ekonomi Politik Ayiti,” Fass di:
“Te gen 3,500 fanmi, ki vle di yon tyè nan popilasyon an, ki te gen yon koneksyon dirèk nan sistèm distribisyon an.”
Ki sa k te pase?
Nou ka di, sistèm distribisyon dlo gouvènman an pa t ka kenbe akoz popilasyon an kap grandi nan kapital la. Li pa t frennen koneksyon ilegal yo. Li pa t jere yon privatizasyon ki t ap fè t kote kèk moun rich te fè anpil lajan sou do moun ki pa gen okenn pouvwa.
Pami fenomèn Fass site, te gen anpil “kosomatè rich” yo nan lane 1970 yo ki te “etabli koneksyon ilegal avèk gwo tiyo prensipal yo tout kote sa te posib,” epi sa te ajoute nan ede “delabreman sistèm nan pi plis.”
Anpil nan konsomatè sa yo te genyen – e genyen jiska prezan – ti ponp andedan lakay yo. Nan jou CAMEP (ki jounen jodia tounen DINEPA) ap bay dlo, konsomatè sa yo pase ponp sa yo pou yo souse maksimòm dlo posib epi voye l nan sistèm prive yo. Lè yo fè sa, rès popilasyon an ak fontèn piblik pa jwenn sa yo te sipoze jwenn.
Nan yon etid ki fèt nan lane 1976, kote Fass te patisipe, nan epòk sa a CAMEP te konn pwodwi apèpre 64 milyon lit dlo chak jou, men preskè lamwayte – 30 milyon lit konsa – te pèdi nan vòl, fwit ak gaspiyaj.
Etid sa a te montre sa yo rele “endistri dlo a” te fè anpil lajan nan kapital la. Moun ki te gen koneksyon rezo a te van dlo yo te vole nan men leta. Makout ak chimè yo te kontwole tout fontèn piblik yo, epi moun te blije peye pou te ka jwenn dlo. Konpayi kamyon dlo ki te opere san okenn règleman leta te fè gwo pwofi tou.
“Dapre nou, ki te travay nan UNCHBP [Sant Nasyonzini pou Lojman, Konstriksyon ak Planifikasyon], distribisyon dlo pa t yon sèvis piblik jan ou ta ka konprann sa. Anfèt se te yon gwo endistri prive, epi li te pwodwi “valè-ajoute” ki te gen yon valè $3.78 milyon dola ameriken. Apèpre 26% nan lajan sa a te al jwenn pwopriyetè 25 kamyon dlo, 32% te al nan men 2,000 kay ki te konekte ak rezo a, 25% te rive nan men 14,000 moun ki te van dlo nan boukit, epi se 17% sèlman ki te rive nan men CAMEP.
Nan Pòtoprens, “se yon ti kras moun ki te kontwole dlo a, ki te ka jwenn li e ki te gen teknoloji avance. Moun sa yo, te ranmase anpil lajan sou majorite moun ki pa t gen aksè” dapre Fass. Sa vle di, te gen “yon transfè richès apèpre $1.22 milyon dola meriken ki soti nan men 295,000 moun pòv pou al jwenn moun rich ki nan klas politik la.”
Pri dlo nan kapital nan epòk sa a “te petèt pri dlo ki te pi chè nan tout vil nan tout peyi sou latè” dapre menm otè a.
Bouyon ajans, ONG ak Politik Etranjè ki ka touye moun
Lè n rive nan lane 1980 yo, gen yon gwo mikmak ajans, ministè ak komite nan vil yo ak andeyò ki t ap jere kesyon dlo a (MTPTC, CAMEP, SNEP, POCHEP, CAEP, URSEP). Travay yo te pote kèk amelyorasyon, men pa anpil. Vòl, move antretyen, koripsyon ak mank envestisman, mete sou sa move kondisyon sanitè te lakoz tout sistèm yo kontinye degrade. Se sa ki rann peyi a frajil ak maladi kolera.
Dapre dènye chif yo, nan kapital la gen apèpre 57,000 kay ki gen koneksyon dirèk, ladan yo se 33,000 ki “aktif,” ki vle di, yo konn peye bòdwo a tanzantan. Men tankou nan syèk pase yo, distribisyon dlo a fèt selon klas ak privilèj. Se moun rich ki gen koneksyon dirèk oswa ki ka achte kamyon dlo. Lòt moun yo jwenn dlo nan fontèn piblik oubyen yo achte l nan men moun k ap vann li nan boukit.
Nan lane 2005 SNEP (Service National d'Eau Potable, ki jounen jodia andedan DINEPA) t ap jere oswa mal jere 28 sistèm nan vil pwovens ak nan bouk yo. Gen anpil komite ki te mete sou pye pou jere ponp, fonten piblik ak sistèm kominotè, sitwayen prive, osnon sa yo rele “òganizasyon non-gouvènmantal yo” (ONG yo) [1] te konstwi. Kit dlo a gratis oswa pou vant, sa depann sou ki kote, men gen yon bagay ki klè, se moun pòv ki toujou peye plis, paske yo achte l nan boukit e pa gen okenn kontwòl sou pri a.
Pa gen okenn kontwòl sou kalite a, nonplis.
Gen plis pase 20 konpayi ki fè livrezon dlo nan kan, biznis, klinik ak kay prive.
Se nan jou 7 desanm sèlman, finalman, DINEPA resi pibliye yon “direktif” ki mande pou tout konpayi kamyon dlo nan Pòtoprens trete yo ak klowòks. [Gade Soti nan Ijans, Rive nan Otonomi?]
Distribisyon sektè prive piti parapòt a lòt aktè (espesyalman ONG), ki prezan anpil sou terèn an sitou aprè 12 janvye. Depi anvan tranbleman tè a, plizyè dizèn ONG – gwo ak piti t ap travay nan sektè dlo a nan kapital la ak nan pwovens yo. Anpil nan yo konstwi sistèm dlo moun yo ap itilize jouk jounen jodia.
Kat ONG k ap travay sou kesyon dlo oswa sanitasyon nan lane 2006. Wouj ki pi fonse
vle di, plis ONG. Se MINUSTAH ki fè kat sa a.
Men anpil nan yo, te konstwi yon seri sistèm ki kraze apre 2 oswa 3 lane akòz yo pa fèt pou Ayiti oswa paske ONG a pa t bay moun nan zòn nan konèsans yo te bezwen pou antretyen system nan.
Nan koze sa a, FOKAL poze kesyon pou konnen:
Kiyès ki mèt sistèm nan? Kiyès ki reskonsab? Anpil fwa, repons ki sou papye di se « kominote » a alòske mo kominote a pa defini menm jan ak kesyon responsablite ak «apwopriyasyon», (sa vle di kiyè ki ranmase pwojè a). Gen yon pwovèb ayisen ki eksplike sitiyasyon sa a byen: “Bèf ki gen anpil mèt mouri nan poto.”
“Gen anpil ONG nan peyi a,” dapre Dr. Maxi Raymondville ki travay avèk Zanmi Lasante nan Sant Trètman Kolera nan Mibalè. Li deklare “Genyen nan kolèg mwen ki rele sa yo fè ‘fòlklorik.”
Toupatou nan peyi a, gen rejyon (vil, bouk) ki gen relasyon dirèk avèk diferan ONG etranje nan pwojè dlo, anpil fwa pwojè sa yo konn ofri solisyon pou yon ti bout tan (koutèm) epi menm pou yon tan ki yon ti jan pi long (mwayen tèm) sou pwoblèm dlo ak lòt pwoblèm. Men anpil fwa travay la pa kòdone ak Leta oswa youn ak lòt.
“Sa n bezwen se yon leta ki djanm ak yon kòd etik pou oryante yo epi pèmèt yo kòdone travay yo” dapre sa Raymondville te di Ayiti Kale Je.
Kesyon ONG a gen pou wè ak lide ki fè kwè Ayiti pa ka bay pèp li dlo. Depi plizyè dizèn lane, chak gouvènman ki pase ap depann pi plis sou èd etranje, don ak prè kidonk yo ka viktim desizyon bayè sa yo.
Pa egzanp, yon pre $54 milyon dola BID te siyen ak govènman ayisyen nan lane 1998 te bloke jouk lane 2009 paske Wachintonn ak lòt peyi deside “ralanti” tout èd, yon jan pou mete presyon sou gouvènman Jan Betran Aristid. Lajan sa a te sipoze repare ak amelyore sistèm dlo Okay an Pòdepè.
Nan yon rapò ki te fèt nan lane 2005, ki rele Wòch nan Solèy, ekspè yo te montre ki jan enterè politik etranjè Wachintonn fè domaj dirèk sou sante moun. Politik sa a ka menm reskonsab lanmò…
Rapò Wòch nan Soley egziste an angle, franse ak kreyòl. W ap jwenn vesyon kreyòl isit.
Dr. Paul Farmer, youn nan fondatè Zanmi Lasante, ki te travay nan rapò sa a, te ekri yon atik ak lòt kolèg nan jounal medikal “The Lancet” dènyeman:
Gen moun ki di, politik pinisyon sa yo se dwa peyi bayè yo. Sepandan, bloke lajan ki nan pi gwo bank devlopman nan rejyon an, yon bank ki konn bay oswa prete lajan pou enfrastrikti atravè Amerik Latin nan pa sipoze dwa okenn gouvènman kit se Etazini kit se yon lòt peyi.
Jan nou wè l la, gen plizyè rezon ki fè Ayiti gen pwoblèm dlo:
gouvènman ki te toujou favorize moun rich ak moun ki gen koneksyon ak pouvwa,
paske yo konsidere dlo tankou yon “endistri” olye yon “sèvis piblik,”
paske peyi a gen gouvèman ki pa kapab oswa ki iresponsab men sitou paske gouvènman sa yo depann sou èd etranje.
Nòt:
1. Fraz “òganizasyon non-gouvènmantal” pa telman valab paske anpil nan gwo ONG yo jwenn anpil lajan nan men gouvènman ameriken, franse, kanadyen ak lòt gouvènman pou fè travay yo.
Li:
Soti nan ijans, rive nan otonomi?
Retounen nan paj entwodiksyon an, pou gade videyo ak koute pwogram odyo